Monday, November 28, 2016

"Yo Pap Anpeche m Vote"
Atik sa te pibliye deja nan "Woy Magazine" nan jou ki te 29 Novanm 2015.....

An jeneral, lè map rantre lakay mwen  Ann Ayiti, si map soti Petyonvil, mwen rayi pase sou wout frè akoz blokis ki pratikman declare lapèmanans nan zòn sa. San konprann pouki, Vandredi 20 Novanm ki sot pase a, nan apremidi,  mwen deside pase pa wout frè  pou m soti Petyonvil rive nan Jakè. Blokis la te byen rèd;  mwen pran pasyans, mwen gade mache a ki anvayi la ri a, mwen gade moun yo kap vann a tè a, yo  pa bay machin fè anyen pou yo. Detanzantan mwen anvi kase tèt tounen paske blokis la  ridikil, men gen yon bagay ki kenbe m.   Kèk minit apre mwen fin rantre nan lakou lakay mwen, telefòn mwen sonnen. Se te yon zanmi ki te gen pou  vin vizite’m ki tap aprann mwen ke delma 95 , wout nòmal lakay mwen te enposib, wòch ap voye, lòbey…Se te premye fwa manifestasyon kont eleksyon 2015  yo te vyolan konsa.  .Mwen pat menm vle imajine sa m tap fè si lidem pat dim pa pase sou delma…..Pèsonn pa ta imajine ke madanm sa ki pè konsa jou 20 Novanm 2015 la, te nan la ri  Potoprens 29 Novanm 1987, tankou yon anjandre, ap chache wout pou li ale vote pou premye fwa nan vi li.
7 Fevriye 86, lè pouvwa Divalye a kraze, menm si m te wè sa ta pral rive, mwen te kwè m tap reve. Menm si m pat konfòtab ak tout deblozay vyolans kont yon pati nan popilasyon an, mwen te kontan rejim sa te al bwa chat. Mwen pat kapab sipòte awogans makout yo, mwen te rayi jan nenpòt moun te ka disparèt san chèf nan peyi a  pat gen pou rann kont pou la vi yo tap detwi. Rèv mwen te chaje ak kochma sou zanmi manmanm ak papam yo ki te disparèt, moun rejim nan te fè fizye epi oblije  moun al aplodi sou chalmas Okap tankou Max Péan,oswa devan la bank repiblik dayiti nan okap lè yo te fizye nèg fou sa kite  joure manman Divalye yon jou( pa menm nan figi Divalye non…). Bagay sa yo te fini! Sa ki pi bèl la, nou tap  ka al vote pou chwazi moun nou vle ki pou dirije n. Ak yon pakèt  rekot kafe sou tèt mwen, pèsonn pat ka kondanem si m tap danse chak fwa m te sonje ke mwen te resi  pral vote nan vim….

Ah! An 1987, moun ki te gen aparèy leta yo nan men yo pat fen tankou nèg jounen Jodi .  Mesyedam 1987 yo pat kontante yo  aplike teknik vòlò vòt pèp la. Yo te fò nan  anpeche pèp vote, fò nan  touye moun kap vote paske yo te gen gwo cha lagè nan men yo san yo pat janm ka jwenn okazyon pou yo eseye yo.  Mwen pa kache di nou…nou te chofe kon vè lanp pou nal vote . Nou te kwè ak tout kè nou ke se te sèl mwayen pou nou te fè revandikasyon nou pase epitou pou preske nou tout, se te premye fwa, premye fwa nou ta pral vote.
Tout lannwit 28 Novanm zam tap chante; mwen te kwè se te sekirite lame Dayiti tap prepare; se te avètisman yo tap bay atoufè ki ta vle fè dezòd pou anpeche pèp la vote nan lòd. Lame tap veye….Nap kapab vote … byen bonè…..Anyen pap ka kenbe-m. Se sa m te di nan tèt mwen.
Sa te gen apenn 10 jou, depi mwen te akouche yon bèl ti bebe. Manmzel  te vini anvan eleksyon pou manman l kapab vote. Bon timoun ! Depi mwa sektanm m tap eseye konvenk doktè Jean Louis pou li pran timoun nan anvan eleksyon pou mwen , men li te di m : «  Lunise nou pa nan fè politik nan zafè akouchman »  . Poutan se te yon gwo tèt nan pati politik MOP. Wouch… kote sa l pat ka konprann la? Nou te konnen se sezaryèn map fè, ki donk nou te ka chwazi pou pitit la pa fèt twò pre 29 Novanm. Byen senp !
 Bondje fè Nathalie se yon bon timoun, aktivis depi nan vant; depi le 16 Novanm li pwente.  Ven Novanm mwen te deja lakay mwen, ap eseye mache dwat poum kapab al vote. Le 28, pansman sezaryèn te anba vant mwen toujou men…sa pat kapab anpechem mache…. al vote …..premye fwa nan vi m.
29 Novanm, byen bonè, nou desann nan kafou kris-wa sou Nazon; lame te deja pòste yon gwo cha lagè la. Premye sezisman:  Tou pre cha a, mwen gade, mwen wè yon kò atè a, yon dezyèm lòt tou pre, yon twazyèm…yo anpeche machin nou pase.  Gen yonn nan kadav yo ki ta sanble ak yon jounalis mwen konnen. Vant mwen pran bouyi, mwen kase yon kout rèl pou m pa toufe. Men, mwen pa mande tounen lakay.  Yo pap anpeche m al vote.  Ki lès ki dwe te fè zak sa? Ki jan militè yo te fè kite yo fè sa? Ki  jan yo fè touye moun sa yo anba bab militè yo ak tout gwo cha lagè a? ? Yo kanpe la, tou pre. Nou kontinye vanse, nou vire yon jan pou nou pa kraze kò yo.
Voup ! nou rantre nan avni Poupla. Se la mwen pral vote, nan lekol nasyonal la. Depi delwen mwen wè yon liy kap fòme; malerezman nou tande de twa kout bal  tire : ta ta ta ta ta ..Liy nan gaye. Tout moun kouri abrite yo pou yo pa pran katouch men, yo tounen ankò, yo refòme liy nan. Se la pou m ale. Mwen prese ….Menm anba tivant mwen, paske doulè a la toujou, men li pa fò ase pou l anpeche’m vote. Li lè poum ta desann machin nan pou m al jwenn liy moun kap vote. Nap gen tan vote.
Toudenkou, yon gwoup ti mesye vin bare machin nou. Yo oblije nou kanpe. Yo vle nou ede yon madanm ki atè a ak on paket san sou li, janm dwat li plen ak bal. Fòk li ale lopital. Li ta pral nan travay li Kwadèpre epi li pran bal.    Se lè sa mwen resi reveye, mwen  pran konsyans ke mwen te nan lagè. Mwen realize la ri a pat gen anpil moun epi pa te gen okenn lot machin non plis. Sant bal te tou patou. Lanmò tab bay lavi bel kout dan. E mwenmen, mwen te pote tèt mwen ba li, nan vale lanmò lame dayiti ak tout zakolit li yo te trase pou nayif ak inosan ki te kwè demokrasi te posib ann Ayiti lè sa.
Machin mwen genyen de pòt Selman. Si m desann mwen ka pran bal men, fòk nou sove madanm nan. Touswit mwen dikte yon estrateji e pèsonn pa gen tan pou diskite : Chofè a ap rete chita ; mwen menm map konte 1-2-3. Sou “1” map desann machin nan, sou “2 “map desann chèz mwen, sou 3 yap foure madanm nan nan machine nan. Ti lame enpwovize a te mache byen. Sou “3” madanm nan te nan machin nan. Trap de nou rive lopital jeneral paske la ri Pòtoprens te blanch. Ti kantite machin nou te rankontre yo, yo tout se te djip menm jan ak pa nou. Nan tan sa, se militè ak ONG kit e gen sa yo te rele machine do wo. Rive Lopital Jeneral, touswit yo akeyi madanm nan pou yo mete nou deyò kon chen. Yo rele sou nou jis nou egare. Yo pa te vle nou wè kantite moun yo tap resevwa….
Mwen tap tranble kou fèy bwa koulye a. Motivasyon pou vote ale,  motivasyon pou sove lavi madanm nan fini, yo  kite nou ak yon laperez.  Ki wout ki pi bon?…ki kote yo pap tire moun? Pase bò Lali, yo te fèk fin ravaje moun nan riyel Vayan, nou kouri vit. Gen yon mesye ki te fèk soti pran bal nan yon bò tet li; san ap  koule sou zepòl li; li gade machin nou epi li ranmase yon denye fòs pou l kouri paske se machin djip ki tap tire sou  moun.  Li pat konnen se te inonsan parèy li ki tap vini fwa sa.  Eske map gen tan rive lakay mwen? Eske map gen chans anbrase kat pitit mwen yo? Eske map gen chans kenbe ti bebe m nan ankò. Se Sèlman vote m te vle vote pou premye fwa….
Mwen rive lakay mwen, mèsi Bondye ! M kouri dwat al devan bèso nouvo pitit fi m, mwenn gade li epi mwen pote l plent ak tout dlo ki te nan jem ak nan vwa m, tankou yon ti moun piti, tou piti paske se konsa m te santi m jou a : « Tali, se vote m te vle vote wi…pou premye fwa…Yo pa kite m vote…

Lunise Jules

Pibliye pa « Woy Magazine,29 Novanm 2015

No comments:

Post a Comment