Thursday, May 19, 2016

Ti koze m ak drapo m




Ti koze m ak Drapo m…

 Yo di m lè w te fèk fèt
Ou te gen twa moso
Men  anvan w bat je w
Ou te deja pèdi moso

Yo di m  gen yon lè
Yon zèl ou te nwa
Men gen yonn tou
Ki pa janm chanje 
Se dwe paske li make san ?

 Yo di m te gen yon lè
Ou te pòtre de zanmi
Ki   te kanpe  kòt a kòt
Men vin rive yon lè
Yo kouche len sou lòt
Ki lè nou gade lòt nan je menm ?
 Lè nou len sou lòt
Oswa lè n kòt a kòt?
Oswa se lè sa make san?

Kantite moso
Koulè ak pozisyon
Toujou twòp pou mwen
Sa m renmen se lè w anlè a
Van vire w bò isit, bò lòt bò
Ou pa fè rebèl, ou danse
Oswa ou poze san pwoblèm

 Sa m pa konprann
Se jan yo fè w fè chimen yo
Yo voye w monte kon avyon
Epi lè pou w desann
Se tankou yon kabwèt
Se dwe paske desann nan make san?

 Kèk  ti kesyon m vle poze w depi lontan
Ki jan ou santi w jou fèt ou?
Ou resevwa kado ?
Diskou  granmoun
Ak  kadans ti moun lekòl
Kilès ou pi pito ?
Ochan pou sa n pa wè
Ak sèman pou n al pi lwen pase yo
Kilès ou pi pito?

 Ou wè sa n pa wè yo lè w anlè a ?
Yo mare  fache ak nou wi, pa vre?
Anhan ! Se sak fè lè yap desann ou
Se tou dousman yo blije fèl....
Ou toujou twò chaje ak pinga!
Se domaj ou bèbè !

 Fè jès pou ou di nou
Sa ou renmen non…
Na tanmen ba w
Kado ki fè w plezi .
Pale ak nèg ak nègès yo anlè a
Di yo nou pa konn sa nap fè
Menm lè jwèt la make san.

 Lunise Jules, May 17,2016

Rue de La Montagne