Tuesday, January 30, 2018

Yè Oswa...



Yè oswa,
Mwen kwaze avè’w lè’w te piti
Mwen wè'w kap jwe lago,
Adje O!
Gen lè ou pa konn plezi jwèt la
Se pa nan konn kache ni nan konn kouri ?
Plezi a se nan chwazi ki moun wap kite kenbe’w wi
Yè oswa mwen kwaze avè’w lè ou te piti
Ou pa t konn sekrè jwèt lago.

Lunise Jules. 2013