Wednesday, July 23, 2014

Mwen Ta Renmen...

source - pinterest

Mwen ta renmen...

Gen menm gou ak zaboka ayisyen
Men m’ pa ta renmen
Grenn vant mwen
Tounen balon foutbòl 
Nan pye okenn tigason dezòd

Mwen ta renmen…
Santi bon tankou yon mango
Men fòk se ta yon mango batis 
Pa gen ni sal men ni fil nan dan
Men, mwen ta jennen 
Wè m tounen yon merilan

Mwen ta renmen…
Gen menm pouvwa ak kowosòl 
Men fòk kò'm pa ta sanble ak kò'l
Sa twò fèm sonje Lè « Akne »,
Gwo bouton nan machwè
Te soti pou fèm pèdi tèt mwen

Sa ki ta fè'm kontan nèt …
Se si m ta ka bel 
Tankou yon pye flanbwayan
Ki makònen ak yon pye Lorye
Men fòk mwen ta layite 
Sou de bò wout ayewopò Pòtoprens.

Lunise Jules Cerin
Petionville, Haiti.